09/11/2015
Bon me sam vle pote poun kóm pwomozisyon difèt ke nou la pou dfann koz primè c vil Okap kap fin dpafini, answit le Nord, an gwo Ayiti. Pouki nou pa chwazi koumanse
1) fè pwojè devlopman, lwa sou sikilasyon, fason moun ap abiye lèw ap parèt nan Nò a pou kolektif Okap la ta benefisye
2) m remake majorite kandida tradosyonèl yo c sèl lè eleksyon yo konn mass la, pouki antanke jeun ki vle fè chanjman pa chita reflechi sou mwayen poun fè fas ak fason nap viv nan vil la ki pabon fok nou tava chanje l poun jwenn solusyon pou kombat majorite move mès, mantalite ke nou.
3) planifye dè strateji poun fè lajan sikile nan vil la pou moun k jwenn aktivite lè sa pap gen chita kwe domino, veye tt ti sa moun ap fè, mande yon chòt tafia, mwens mandyan.
4) Poukisa n oblije nan chita eternize n sou diskisyon sou forum lan san sès aloske nou reve, nou vle pou anvironman nou chanje, eske n panse c konsa revolisyon an dwe reyalize ? Pouki n pa koumanse ap poze pyon Sosyal nan anvironman nap viv la, pou zèv nou pale poun pito apre X tan pou si n ta vle al nan you post elektè ? Kamarad yo c pa rete chita pale ampil ankor nou bouke ap lite jiskobou poun poko k jwenn rezilta paske nou pa janm oze di annou ini fòs nou tankou jan slogan drapo a dil la vreee, c toujou chire pit pou kandida paw, kandida pam, kandida pa nou.
5) Antan ke klas intelèktyèl klas Mwayèn la poukisa n paka eseye bay yon bèl egzamp de sa nap repete chak jou nou pako rive k mete yo an aplikasyon.
6) m vle chak group kem gen chans sou li pran angajman ki osi pratik ke ideyolojik. Si nap panse pou majorite moun ki la reyini poun ap bay sijesyon, fè de propozisyon sosyal, reflechi seryezman pou yon vrè chanjmn dirab, pou mezi save ki la ak si k gen lot potansyèl lakay yo, m garanti n ap frape fò, nap sonnen pi byen tj nan zòrèy moun, nou pa kwè yap wè lè sa nou sou fè chanjman radikal vre?
7) Si Group la c pou dfann interè kolektif tt moun sitou sak defaforize yo donk c pa sèl koze pale de tèl ou tèl kandida, de politik babarist sa nap sibi dpi n fèt c de li nap nouri. Politik trasyonèl la c sak koupe kòd lonbrit nou, sa n paka inyorel men si nou deside mache ansanm sou yon liy dwat poun rive kote nou tt reve a poun Okap koumanse repran eskamp figuil .
8) pouki n pa organize de formasyon sosyal pou nou apresa poun al patajel bay plizyè lòt ki nan fè nwa tankou fè de journe pou nap pale moun yo de Dwa Ak Devwa yo antanke sitwayen, fè yo savwa kisa la di, e kijan yo ka aplike yo, kilè, pou ki rezon pou yo itilize la. Olye yal kraze brize san rezon, fè yon konn ki sanksyon yo k pran lè yap mal aji nan sosyete a, pou omen tandans boule kawoutchou, voye boutèy, wòch la ta bc.
An verite m rete kwè nou k ampil bagay sere dpi pran desisyon sa yo kap yon aport benefik pou ni kominote a, ni nou menm kòm modèl paske nou toujou di n poko k jwenn modèl personaj piblik e pratik nap chache a.
Soyons le modèle héroïque de notre génération.
👀💪Formule
Paroles + Actions+ Volonté = Progès collectif 💚💚💚💪🙏👀📝
Dixit BENBIGIO Determine pou n 'ale Jiskobou pou yon demen miyò tt bon vre💬